Estaf “Valorize Valè” yo nan depatman Nòdwès la distribye kit ak anvlòp bay plizyè machann chabon ki sòti nan zòn Ba-Nòdwès.

801

01-02–2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Estaf kap “Valorize Valè” yo pou yon lòt fwa ankò limen pwojektè valè yo sou divès machann chabon ki sòti Ba-Nòdwès pou vin vann chabon nan Site Kapwa Lamò a.

Jounen dimanch 31 desanm 2023 a, malgre anpil lapli tap tonbe, estaf kap “Valorize Valè” yo ki genyen nan tèt li, Hérode Valmond, ki gen ti non jwèt li, K-Navao, distribye plizyè kit ak anvlòp ki te genyen divès bataklanm tankou : papye ijyenik, sanitizer, fab, poun site sa yo sèlman, nan zòn Pon Twarivyè a.


Distribisyon sa a te rive posib gras ak plizyè moun Nòdwès tankou : Mme Moricette Aliv, Past. Fresnel Alcimé, Dr Rock Cefoseph, Bedan Jean ak Rock Juvens Clavel, ki toujou rete kwè, se jan de valè sa yo ki bay, enjenyè, medsen, avoka, pastè ak divès lòt pwofesyonèl pou sèvi peyi a.

Comments are closed.