Yon polisye krible anba bal gang sansal nan Pòtopwens

863

02 – 14 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Li soti nan 31èm pwomosyon PNH la, li fè pati kò SWAT, Hector Roobens krible apwèmidi a anba bal bandi sangwen jodi mèkredi 14 fevriye 2024 la nan moman te genyen gwo detonasyon kout zam nan Ri Oswald Durand anba zèsèl fakilte Odontoloji a nan Pòtopwens.

Pou responsab Sendika polis nasyonal Dayiti (SYNAPOHA), se definitivman yon egzekisyon. Polisye viktim nan resevwa 8 bal. Li mouri nan yon moman kote se panik jeneralize ak tèrè 24 sou 24 ke gang san sal yo ap miltipliye nan diferan katye nan kapital la.

Polisye Hector Roobens mouri pou yon koz ki pa klè; yon koz kote ke yon gouvènman voryen, san tit, san estati ou ilegal ki fè tèt ak gang e voye inosan polisye ale pèdi lavi yo pou granmesi!

Comments are closed.