Kanal Pirèd Nòdwès (KPR), se inityativ yon gwoup sitwayen nan Nòdwès peyi Dayiti ki deside kole zepòl yo ansanm pou voye Twarivyè nan Ba – Nòdwès.

396

11-18-2023

Apre popilasyon Wanamentèz la te fin lanse batay sou konstriksyon Rivyè Masak la, plizyè lòt sitwayen nan divès lòt depatman tankou nan Nòdwès peyi Dayiti, pa rete endiferan. Sitwayen sa yo nan depatman Nòdwès la, avanse plizyè rezon ki, dapwè yo rann yo lanse inityativ KPR la, tankou :

1- Nan objektif voye dloTwarivyè al wouze Banòdwès.
2-Dlo Twarivyè ap pase al tonbe nan lanmè epi sechrès ap touye peyizan yo nan Ba-Nòdwès.
An nou mete men ansanm pou nou sove lavi frè ak sè nou yo ak kanal sila-a!
3-Chak moun gen dwa envite ayisyen ki nan diapora a, ak zanmi ki tou patou nan mond lan pou vin kole zepòl yo.
4- Nou ap chèche chak ayisyen ki responsab e ki konprann nesesite pou yo patisipe nan sa kap bon pou peyi yo.

Nòdès voye egzanp lan, ann ranmase li, paske nou se ayisyen konsekan.
“Ansanm, ansanm Nòdwès pap peri”, se kri Joseph Alincy, direktè radyo Manacé FM, yon jèn konsekan, yon jèn dinamik.

Comments are closed.