Pòdpè aksidan sikilasyon : yon moun mouri e plizyè lòt blese nan moman yo t’ap sòti nan piknik, 8e seksyon kominal Bèdèmoustik, lokalite Labe

579
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon moun yo pa rive idantifye, pèdi lavi li, alòske plizyè lòt blese gravman grav, nan yon aksidan sikilasyon aprèmidi samdi 31 me 2025 lan, anba Mòn KAYO, tou pre yon simityè akèlke kilomèt vil Pòdpè.

Selon enfòmasyon TRiboLAND arive rekeyi bò kote kèk leader kominotè, se nan piknik nan 8e seksyon kominal Pòdpe (Labe), depatman Nòdwès, mesye mdam yo t’ap soti.

Chofè machin nan, msye Pierre Edson, ak tout pasajè yo ki te anba tafya yo e ki te nan kous ak yon lòt machin, sa’w tande a, aksidan!

Blese yo nan moman sa ap pran swen lopital. Kanta viktim nan ki se yon dam, lapolis ak jij depè ki te vin fè konsta, pa t kapab jwenn idantite l akoz pyèz ki pat sou li.

N ap raple, chofè machin nan, Pierre Edson ki pè pou popilasyon Mòn Kayo a pa’t fè ladènye sou li, te oblije sove pou’l li.

Share:

Leave a reply