Lidè Pati Politik Pitit Desalin nan anonse mouvman manifestasyon sou tout peyi a, sòti jedi 15 fevriye 2024 la pou jiskaske Ariel Henry kite pouvwa a.

957

02 – 14 – 2024

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon konferans lidè Pati Politik Pitit Desalin nan, Moïse Jean Charles, nan yon konferans pou la près jounen madi 13 fevriye 2024 la, anonse ke pati politik lap dirije a lanse mouvman leve kanpe sou tout peyi a, nan tèt kole ak divès lòt pati politik ak òganizasyon.

Nan moman konferans lan, lidè Pitit Desalin nan mande ak tout lidè politik, òganizasyon ak tout sitwayen ki nan sosyete sivil la ini yo pou pran revandikasyon pèp la paske gouvènman defakto Ariel Henry a deja separe peyi Dayiti ak blan Meriken. Lidè a kontinye pou li di, se estrateji y ap miltipliye pou tout ayisyen pati kite peyi a.

Pou evite plan makyavèlelik gouvènman defakto Ariel Henry a, Moïse Jean Charles mande ak pèp ayisyen an leve kanpe, pa chita lakay, paske pita pral pi tris si tout fwa yo ta kite Ariel Henry kontinye rete sou pouvwa a.

Comments are closed.