CSC/CA pa bay kontra enèji ant Leta Ayisyen ak General Electric benediksyon

263

Pòtprens____(TRiboLAND) Gran Toryan Jij Kou Superyè Dèkont ak Kontansye Administratif (CSC/CA) yo bay yon avi defavorab a yon kontra enèji ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon te depoze.

Kontra (enstalasyon yon Santral Elektrik 60 megawàt) sa ki te dwe sinye ant Leta Ayisyen avèk General Electric, pa arive jwenn benediksyon otorite tribinal administratif yo. Malgre, nan yon premye tan, kontra enèji sa te jwen gras bò kote Komisyon Nasyonal Mache Piblik (CNMP) yo, sa pa anpeche jounen jodi a li pa asiste tiraj nan je CSC/CA.

Comments are closed.