Endividi pèsòn pa rive idantifye ak gwo zam manch long, paralize aktivite transpò a nan nivo Tibouk Obòy

929

02-13-24

Obòy, Ayiti____(TRiboLAND) Bagay yo kòmanse pi mongonmen pou moun Nòdwès peyi Dayiti. Jounen madi 13 fevriye 2024 la, endividi sangwen ke pèsòn pa rive idantifye ak gwo zam manch long, bloke aktivite transpò a nan nivo Tibouk Obòy.

Pou evite peye po kase, majorite machin ak motosiklèt ki tap sòti nan komin Pòdpè, Sen-Lwidinò ak Ansafolè ki t ap pran direksyon Kap-Ayisyen pat gen lòt chwa ke kase tèt tounen, pou evite tonbe nan pyèj gwoup gang kriminèl sangwen yo.

Yon sityasyon ki pare pou mete klou sou absè moun Nòdwès lè nou konsidere fason bandi ak gwo zam nan nivo Tibwadòm pa deside lache menm pou yon may, twonson wout nasyonal #5 la.

Comments are closed.