Pou make 26 lane Eskout Anri Kristòf, yon mès aksyon degras chante dimanch 21 avril 2024 la.nan legliz katolik Vilaso, 1è seksyon Rivyè Nèg.

786

04 – 21 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan okazyon 26 lane egzistans Eskout Anri Kristòf, yon mès aksyon Degras chante nan legliz katolik Vilaso a, 1è seksyon Rivyè Nèg jounen dimanch 21 avril 2024 la.

Reveran pè Wildy Derval nan romeli sikonstans lan, mande fidèl yo pou evite abolotcho ki kapab sèvi antrav pou fè yo pèdi relasyon ak Bondye epi frè ak sè yo. Yon lòt kote li pèsiste sou jounen mondyal vokasyon an, kote l mande jèn yo ki chaje ak bon jan vokasyon pa kite mechanste fè nou pèdi vokasyon yo.

Pè Derval kontinye mande fidèl yo swiv mesaj bon gadyen an pou youn ka veye sou lòt la nan aksyon yap poze chak jou pou yo jwenn delivrans lan, kote menm moun yo pat panse ki tap janm anyen an vin tounen premye wòch kwen an.

Comments are closed.