Òganizasyon pou devlopman 3èm seksyon Degranj (ODSD) detèmine pou jwenn dlo pou bwè nan komin nan.

891

11-06-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Òganizsyon pou devlopman 3èm seksyon Dègranj (ODSD) reyalize yon gwo asanble ak responsab Dinepa yo nan komin Senlwidinò.

Objektif chita tande anba tonèl la, se pou fè lapawoli mache sou rezo dlo ki alimante zòn Mòn Matilè ki localize nan 3èm seksyon Dègranj .

Responsab Kayepa yo di ak kotizasyon abòne yo, yo pral travay pou satisfè bezwen popilasyon an jiskaske pou yo rive rekonstwi rezo a. Manm komite a soti ak rezolisyon pou yo bay kontribisyon pa yo pou chantye a kapab avanse nan yon delè ki pa twò lwen.

Tout moun bat bwavo pou komite a kap travay pou chanje figi komin nan, nan sa ki gen pou wè ak koze dlo nan kominote Nòlwizyèn nan.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.