NÒDWÈS: 75 e anivèsè nesans Monsenyè Pierre Antoine Paulo fè yon sèl ak 29 e anivèsè òdinasyon 5 pwèt dyosezen

0 413

03-27-2019

NÒDWÈS__ Pawas Katedral ak Dyosèz Pódepè selebwe ayè Lendi 25 Mas 2019, 75 e anivèsè nesans Monsenyè Pierre Antoine Paulo, ak 29 e anivèsè òdinsyon sasèdotal 5 pwèt dyosezen nan dat 25 Mas 1990.

Se te premye fwa nan listwa dyosèz Podepè 5 pè yon sèl kou te rive òdone kòm pwèt e se Nons Apostolik lan nan epòk la Monsenyè Paolo Romeo, yon Italyen , ki te pwosede a òdinasyon 5 pwèt sa yo ki se: Rev pè Dolcé Jocelyn, Rev pè Ronel Vildor, Rev pè Innocent Wesner Pierre, Rev pè Léonvil Canoïs. 2 anivèsè sa yo ki tonbe pwèske bab pou bab, yon mès solanèl te rive chante anndan katedral podpè a yè Lendi 25 Mas 2019 la anprezans plizyè paste, relijye e relijyez ak plizyè milye fidèl katolik ki soti nan 4 kwen dyosèz la ak kèk zòn anviwonant.

Anpil enstans ak pèsonalite tankou delegasyon, chèf pakè Podepè a Me Bellamin Jean Volney, direktè dpatmantal polis Nodwès la CD Auguste Monès, direktè UNIBANK lan Rev pastè Ronald César, direktris SOGEBANK lan Madam Martine Saintil…..pou n site sa yo sèlman te fè deplasman.

Evèk dyosèz pódepè a, Ekselans PIERRE ANTOINE PAULO (75 lanne) ki deja fè valiz kote se sinyal LEPAP lap tann pou ranplase-l dapre sa-l di e ki tap prezide seremoni an, te bese-l byen ba devan GRANMET LAVI A pou di-l MÈSI, ni pou tèt pa li, ni pou 5 pwèt sa yo kap fete 29 lanne sasèdotal yo. N ap raple Monsenyè Pierre Antoine Paulo te konsakre Evèk Koadjitè nan katedral podepè a nan lane 2001 bò kote Monsenyè Frantz COLIMON ki li menm deja pran retrèt li.

Nan moman n ap pale la Monsenyè Paulo gen 18 lanne nan Nodwes kote l deja kreye anpil pawas ak konstriksyon plizyè chapèl atravè 11 komynn nan depatman Nodwès la. Pa twò lontan, li pral pran retrèt li pou-l sa fè plas ak yon lòt Evèk pou vin dirije dyosèz podepè a, answit kontinye travay li te komanse nan Nodws peyi a.

Saint-Jean Wiskis, Triboland

Leave A Reply