Arestasyon plizyè fidèl nan yon legliz Ayisyen nan Floride

0 337

02-05-2019

FLORID__(Triboland) Yon lòt fwa ankò gwo deblosaj pete nan legliz Baptiste Bethanie nan Fort Laudedale nan Florid. Sa gen plizyè mwa depi gen gwo dife volan ant leadership kongregasyon Bethanie an ak yon gwoup majorite fidèl legliz la ki ap pwoteste kont vèv ou madanm ansyen lidè a ki mouri depi kèk lane. Manm yo estime konpòtman dap piyant vèv la, an konplisite avèk bòfrè li pou pwan legliz la kòm byen pwive yo li entolorab e revòltan sitou lè yo konsidere ki kantite enèji ak lajan yo kontribye nan konstwiksyon chedèv sa a depi ane 1981.

Ki donk depi kèlke tan gen gwo pwotestasyon pankàt bwandi, chante, ak konbit pou okipe espas legliz la ki tanmen chak fwa gen tantativ pou fè sèvis sou chè legliz la. Dènye deblosaj yo ta oblije lapolis entèvni andan tanp Letènèl la pou retabli lòt e arete plisyè fidèl ki tap pwoteste.  


Video: Lapolis arete 
plisyè fidèl ki tap pwoteste nan legliz Baptiste Bethanie nan Fort Lauderdale, Florid

Legliz Baptiste Bethanie ki localize nan Fort Lauderdale, Floride gen plizyè ane depi lap feraye san pastè a lòske non ansyen pastè (Usler August) a toujou figire sou enfòmasyon piblik legliz la. Legliz Baptiste Bethanie ap opera preske depi 38 lane. Reveni anyèl li estime plis pase $137,664; alòske selon enfòmasyon sèvis piblik ak biro travay nan Floride, li genyen sèlman yon sèl enploye.

Triboland Staff Writer

Leave A Reply