Majistra komin Jeremi an, kite akonpaye lajis ak lapolis komanse rekipere kèk materyèl manifestan yo te volè nan plizyè enstitisyon leta.

843

02 – 10 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Majistra Sylmatha Pierre, akonpaye jij depè sipleyan tribinal depè Jeremi an, mèt Jean David Simon ak lapolis atravè yon inite depatmantal PNH nan Grandans arive lanse yon operasyon ratrapaj materyèl leta manifestan yo te pote ale panda pwotestasyon kont gouvènman sangwen Ariel Henry a nan Jeremi.

Nan kad operasyon ki batize “operasyon rekipere materyèl”, direksyon depatmantal ministè agrikilti Grandans, direksyon depatmantal pwoteksyon sivil Grandans, ak FAO te dirije yo lakay abitan sispèk yo ki abite tou pwè enstitisyon ki te vandalize yo.

Konsa, otorite sila yo arive rekipere yon latriye materyèl tankou: biwo, senk moto Honda, pano solè, bourse, odinatè, frjidè, delko ak anpil lòt materyèl enpòtan. Manifestan dwèt long yo te fè piyaj nan biwo agrikilti, FAO, ak pwoteksyon sivil ki nan premye seksyon kominal Chato ak komin Jeremi.

Nan kad operasyon sa yo, otorite konsène yo pa arive arete yonn pami piyajè yo ke jij depè te idantifye materyèl volè yo, andedan lakay yo.

Comments are closed.