Kidnapping yon lòt otobis nan Nòdwès: madàm Erlande Pierre sove de jistès

367

11\14\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Vandredi 13 novanm nan, bandi salte ak zàm kidnape yon krèy moun ki t ap vwayaje nan otobis Remito ki fè trajè Pòdepè-Pòtoprens nan debu wikenn nan, nan zòn Pandi. Otobis sa a ki t ap soti nan kapital la pou rantre Pòdepè, t al kontre bab pou ak bandi zàm manch long a kèlke kilomèt komin Gromòn.


Kowòdonatris depatmantal Kondisyon Feminen pou rejyon Nòdwès la, madàm Erlande Pierre te youn pami pasajè otobis la ki t ap bat bouch ak Triboland. Fanm militant lan te fè konnen ke se gras ak fòs ponyèt Granmèt la ki fè koup anmè pa pase bò kote li. Selon madam Pierre, yo pase anviwon 3 èdtan anba men ravisè yo ki t ap bay o gro menas ak presyon anndan yon raje.

Kowódonatris la rapousib pou di, bandi sa yo ki te fin dechennen, te wonfle yo anba koutpwen, kalòt answit pote ale tout sa yo posede malgre yo te egzije yon ranson $ 500 000 US pou liberasyon yo. Lajan sa a, toujou selon kowòdonatris la, pa t rive jwenn bandi to akoz entèvansyon fós lòd yo.

Fòk nou di gen plizyè gwoup gang ki abitye opere nan divès seksyon kominal Senlwidinò, Menvyèl, lokalite Chansòlm, nan Basen-Ble ak Kafoutèl ki al kache zón Pandi ki twouve l nan komin Gwomòn, depatman Latibonit pou dechèpiye kretyen vivan.

Nap raple, nan menm wikenn sa a bandi ak gwo zàm fouye plizyè otobis nan komin Basen-Ble e touye yon jèn gason ki pote non Fritznel ki se yon chofè ki t ap pilote yon Hiace.

Nan moman n ap pale la, lapolis nan Nòdwès ak nan Latibonit poko fè òkenn arestasyon youn nan gwo bandi sa yo ki pa sispann fè dlo koule nan je abitan kap viv nan depatmantal Nodwès la.

Saint Jean Wiskis,
Triboland

Comments are closed.