Pou make Fèt Dye a nan Jeremi fidèle legliz katolik yo te òganize yon latriye aktivite

490
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou make Fèt Dye a nan vil Jeremi, fidèl legliz katolik yo, non sèlman dekore kay yo ak bèl dra blan, flè, fè repozwa nan katye yo, men tou, pou montre kwayans yo nan Bondye Lavi a.

An siyn solidarite, kretyen fidèl legliz katolik yo, manm sosyete sivil, administrasyon piblik kou prive, te reyèlman mete an valè yon parèy selebwasyon. Yo te chwazi, pa mennen okenn aktivite ki te kapab minimize yon parèy jounen jedi 19 jen 2025 lan ki te konsakre kòm jou repo ak lapriyè.

Kòm konsta, jounen 19 jen 2025 lan, pou premye fwa, sant vil Jeremi te pwòp akòz efò sitwayen divès katye ki te pwòpte devan kay yo, e fè repozwa tankou lè Jezi tap rantre Jerizalèm, sa ke anpil obsèvatè apwesye e swete moun yo kenbe tradisyon sila ki te prèske disparèt an tèm devwa relijye ak espirityèl.

Share:

Leave a reply