Fòs Ame Dayiti (FADH) ap rekwute jèn ti boujon batayè

1,101

10-11-2023

Nan yon nòt ke li fè sòti, Minis Defans peyi Dayiti a, anonse piblik la ke yo pral rekwute pandan peryòd 9 – 29 oktòb 2023 a, jèn candida batayè pou Lame a.

Fòm yo disponib anlyn: https://forms.gle/xn4tbRGYS1CMCEE47

Me pyès ki egzije yo:

  1. Yon diplòm ak tout relve nòt pou finisman etid segondè
  2. Yon sètifika bòn vi ak vis ke PNH delivre
  3. Yon ekstrè ak nesans ke Achiv Nasyonal delivre
  4. Yon fotokopi Kat didantite Nasyonal (CIN)
  5. Yon fotokopi Matrikil fiscal (NIF)
  6. Yon lèt motivasyon
  7. Yon lèt rekòmandasyon

Me kondisyon ak kritè pou kalifikasyon

  1. Ou dwe ayisyen natif natal
  2. Ou dwe gen laj – apati 2 janvye 2024, 18 tan pou pi piti e 23 anpils
  3. Sante oud we djanm fizikman e mantalman (ap genyen egzamen)
  4. Ou dwe genyen yon otè 1m 60 (fanm) e 1m 70 (gason)
  5. Ou dwe pare pou fòmasyon militè pou kat lane
  6. Ou dwe genyen yon bon konesans nan lang espanyòl la (tès nivo B – reyisit avèk 60%)



Comments are closed.