Absans pwofesè melanje ak pwoblèm grangou rann anpil nan lekòl leta yo nan Jeremi pa fonksyone.

09 – 23 – 2026
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan Jeremi aprè 2 semèn ouvèti ofisyèl lekòl yo nan Jeremi, kou nan rès komin depatman Grandans lan, pwofesè lekòl piblik yo toujou pa reponn prezan nan etablisman eskolè yo; melanje ak pwoblèm mwayen leta pa bay direksyon lekòl piblik yo pou fè manje e bay timoun yo yon pla cho jan sa dwe.
Nan kèk lekòl piblik nan vil Jeremi tankou nan Katrinn Flon, nan Edmere ak nan Preswa Jewòm, pandan pwèske tout jounen an, moun kapab konstate timoun chita sou ban yo dòmi pwan yo san okenn asistans akademik , sa ki rann paran yo foustre pou fason ministè edikasyon nasyonal ap trete timoun nan klas defavorize yo nan kondisyon ki imen. Paran, obsèvatè mande dirijan aysyen ak tout pwofesè yo pwan konsyans sispann fè edikasyon a doub vitès nan sosyete a.
Nap fè remake nan yon moman pitit pèp lan ap jemi sou ban nan rete tann pwofesè pou vinn fè lekòl nan etablisman eskolè piblik yo, jounen lendi 21 septanm 2026 lan, yo te plizyè dizenn anseyan lekòl piblik ki te pwan direksyon lokal direksyon depatmantal ministè a nan Jeremi; yo te fè yon mouvman pasifik pou egzije leta aysyen, atravè ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl peye yo aryè salè yo, nome pwofesè kontraktyèl yo, ajiste salè yo, kat debi ak bonjan asirans ki pa bidon.
Kriz krizokal santò ki egziste ant ministè edikasyon nasyonal ak òganizasyon ki regwoupe ansanm ansenyan yo atravè peyi Dayiti, kontribye anpil nan efondre sosyete ayisyèn lan.






