Kowonaviris: Ansyen senatè Maxime Roumer di planèt babay

430

05/28/2021

Jeremi_____(TRiboLAND) Ansyen senatè Grandans lan, Maxime Roumer pèdi lavi li nan konplikasyon kovid-19, nan sware jedi 27 me 2021 an, dapwè yon sous ki pwòch viktim nan.

Roumer ta sanble lage yon kite sa akòz agresivite epidemi an ki pa sispan ap baleye peyi Dayiti. Senatè a mouri lakay li nan Jeremi nan moman li t’ap resevwa swenyàj.

Maxime Roumer fè pati yon lis manch long Gran Toryan ki deja mouri anba kovid-19 nan peyi Dayiti.

Comments are closed.