Tanpèt tropikal ki pase nan komin Ziwa a, fè anpil dega materyèl.

916

02 – 08 – 2024

Komin Lèziwa, Ayiti___(TRiboLAND) Selon Kazèk 2èm seksyon kominal Lèziwa a, Jean Béret, ki entèvni nan mikro TRiboLAND, fè eta plis pase yon dizènn vwalye pechè yo bwote nan fon lanmè, san konte plizyè chaloup ak lòt materyèl lapèch enpotan ke pechè yo nan komin Lèziwa pèdi nan kad tanpèt tropical ki tap sakaje depatman Grandans peyi Dayiti.

Gro van siwa, lapli bosal ak lannmè move nan komin Lèziwa a, kraze ak andomaje plizyè kay ak jaden peyizan yo ki te kanpe sou wout tanpèt la. Kazèk Jean Béret mande leta santral pou entèvni vit e prese, yon fason pou pote yo sekou sekou sinister nan 2èm seksyon kominal Lèziwa.

Comments are closed.