Dezòmè, fondasyon Ayisyènn Sante (HHF) pa antann bese lèbwa nan akonpaye sak pi féb yo nan sosyete Grandanlèz la.

01 – 06 – 2025
Grandans, Ayiti______(TRiboLAND) Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF), yon òganizasyon non gouvenmantal, depi plis pase karant lane, kap bay sevis preske gratis ti cheri nan Jeremi kou nan rès komin depatman Grandans lan.
Nan kesyon elvaj, edikasyon, kilti, swen sante, ak akonpayman moun ki plis nan nesesite yo, HHF di me mwen! Pou fen ane 2024 la ak komansman ane 2025 lan, HHF distribye bay sila yo ki plis nan bezwen nan katye popilè yo nan vil Jeremi kou nan milye riral Grandans lan. Yo delivre plis pase, senk mil kit alimantè ak kit ijenik nan respè ak dinyite benefisyè yo.

Mete sou sa, anviwon desan paran timoun afè pa bon benefisye kado kòm pwim ankourajman; nan yon anbyans fwatènite, selon sa Poudel Chancy apwann TRiboLAND. Nap raple, Chancy ki se yonn nan responsab Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF), pwomèt pou rete fidèl nan sevis ke yap delivre bay mas pèp la.







Waw mw di mesye dam yo bon travay pask sa enpòtan anpil
Triboland latortue panj
Waw sa fèm sonje fòmasyon triboland yo wi la
Triboland latortue panj
Triboland latortue panj