Yon lòt chòk nasyonal: ansyen pwezidan ayisyen Boniface Alexandre kraze yon kite sa

831

08-04-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Apwè lanmò selèb jounalis Lilianne Pierre-Paul ki te mete nasyon ayisyèn nan gwo chòk; nan mwens ke kèlke jou, lanmò pa sispann vizit klas elit politik peyi Dayiti a. Dèy sou dèy! Tribilasyon sou tribilasyon! Kriye sou kriye!

Yon lòt gwo mapou tonbe, ansyen pwezidan ayisyen, Boniface Alexandre, di planèt la babay, jodi vandredi 4 dawou 2023 a, dapwè yon sous familyal. Alexandre, se te yon avoka pwofesyonèl pandan ki tap pwatike pandan 25 lane; li te plis trete dosye divòs ak kontra biznis.

Mèt Boniface Alexandre te kontribye anpil nan anpil domènn nan peyi Dayiti. Li te entegre Kou Kasasyon nan lane 1990; konsa, nan ane 2004 li te arive nome pwezidan peyi Dayiti, apwè ke pwezidans Jean Bertrand Aristide la te arive pran yon so chat. Ke nanm Mèt Boniface Alexandre repoze nan lapè etènèl!

Li enpòtan pou sinyale, nan fen manda gouvènman Jovenel Moise la, Mèt Boniface Alexandre te fè pati yon gwoup konstitisyonalis ayisyen ki tap travay nan kad pou enpoze peyi Dayiti yon nouvèl Manman Law, ki te leve plim sou do yon bon majorite ayisyen kontestableman.

Comments are closed.