Soti 31 pou bout 3 dawout 2023 edikasyon nasyonal anonse dewoulman ekzamen NS4 yo, atravè depatman Grandans lan.

823

07-30-2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Direktè depatmantal ministè edikasyon nasyonal Grandans lan, pwofesè Jean Marcel Jeanty, ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konen apati lendi 31 jiyè, pou rive 3 dawout 2023 a, se pwal dewoulman ekzamen ofisyèl ane akademik 2022- 2023 yo.

Pou depatman Grandans lan, ap genyen 3698 kandida regilye pou NS4 e 537 pou filo pèmanan kii repati an 17 sant ekzamen, 4 syèj, ki se Jeremi, Dam Mari, Mowon, e Bomon. Malgre laperèz sou mouvman grèv sendika chofè transpò ankòmen yo, pou fose gourman PHTK Ariel Henry an, bese gaz la a 40%.

Pou direktè depatmantal ministè edikasyon nasyonal Grandans lan, pwofesè Jeanty, sou plan lojistik, sekiritè tout bagay deja anplas pou bon dewoulman aktivite ekzamen yo nan 4 syèj yo avek 17 sant yo kap regwoupe kandida kap sòti nan 14 komin depatman Grandans lan.

Comments are closed.