Pòdpè: yon lekòl nasyonal ak divès tèt kay kraze nan zòn Polen Lakòn

267

Pòdpè____(TRiboLAND) Gwo kout lapli ak konplisite rafal van ke pasaj tanpèt tropikal “Isaias” okazyone nan depatman nòdwès la, lakòz twati yon lekòl nasyonal ki te deja an mal makak nan zòn Deside, Polen Lakòn vòltije ale, san konte divès lòt tèt kay ki fè vwèl nan dat jedi 30 jwiyè 2020 an.

Yon sitiyasyon, daprè anpil sitwayen nan zòn nan ki vinn mete absè sou klou e pwofite mande mouche Leta ak enstans konsène yo di yon mo sinon kafe a ap koule ak ma. Konsa, yo reyèlman anbarase pou yo konsidere “sa van rache twati a, eske se reyèlman yon lekòl nasyonal li ye” ki plase pa two lwen jaden prive prezidan Jovenel Moise.

Anplis, sitwayen tèt kay kraze yo jiskaprezan pa konn ki sen pou yo rele sitou lè pèson pa mande yo sa yo pote pou vann.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.