Koze Grandans, FRN, KOREGA ak alye li yo, denonse ekip Ariel Henry an, ki fè masak sou manm popilasyon an.

902

01- 24 – 2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND ) Nan yon konferans pou laprès, pòt pawòl koze Grandans lan, Jean Paul Dozier, pote senpati li bay 4 fanmiy ki te pèdi lavi yo, nan fiziyad lendi 22 janvye 2024 lan nan Jeremi.

Daprè ekip Koze Grandans yo, gouvenman Ariel Henry an, dekese 5 milyon goud pou bay ekip li yo nan Jeremi pou alimante masak sou manm popilasyon an, nan Jeremi, kap reklame demiisyon li nan dènye jou sila yo.
Koze Grandans, FRN, KOREGA, ak alye li yo, pote senpati yo, bay fanmi viktim fiziyad lendi 22 janvye 2024 la nan Jeremi, Kafou Bak. Konsa, yo mande Komisè Gouvenman pakè Jeremi an, Andre Mary Pyram, mete aksyon piblik an mouvman, kont kriminèl sangwen ki touye 4 malere inosan, e blese anba bal polisyè lèzòt.

Comments are closed.