Batiman ki loje tribinal depè Senlwidinò a flanbe anba dife.

906

02 – 08 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Manifestan yo kite ankolè mete dife sou galeri tribinal depè Senlwidinò a, pou mande ministè lajistis ba yo lòt jij pou trete dosye yo. Yon tribinal depè ki te gen 3 jij kap fonksyone depi byen lontan ak yon ti granmoun ki prèske pèdi ekilib, ki pa alawotè pou bay jistisyab yo jitis.

Pou yon moun oubyen yon enstitisyon leta jwenn sèvis nan tribinal la, se gwo lajan pou peye jij Edene Lubin sof sa ou mèt mouri. Konsa, manifestan yo, di yo bouke mòd jistis nan pòch sa. Kidonk, yo pat pran anpil tan pou te mete dife sou galeri batiman ki loje tribinal la.

Yo ta fè kwè si tout fwa pa gen lòt jij konpetan ki nome nan komin nan pou rann aparèy jistis la pi efikas pou tout moun, yo ta fè kwè yo fenk kòmanse boule.

Comments are closed.