Osnel Clairilus ouvè pou yon lòt fwa ankò, yon dezyèm lekòl pwofesyonèl nan vil Pòdpè.

714

01 – 27 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Se jounen samdi 27 janvye 2024 la, Osnel Clairilus ouvè pou yon lòt fwa ankò yon dezyèm lekòl pwofesyonèl nan Pòdpè, ki pote non “Osnel Clairilus École Professionnelle”.

Enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo rive rekeyi bò kote responsab ki pral dirije lekòl la, fè konnen dezyèm lekòl pwofesyonèl sa a rive pran nesans nan Site Kapwa Lamò a se jis pou ede plis jèn gason ak jèn fanm aprann yon metye manyèl gratis ti cheri.

Osnel Clairilus yon pitit Nòdwès ki pa deside fè bak nan bay jèn yo fòmasyon gratis ti cheri pa sispann miltipliye lekòl nan depatman Nòdwès la, nan lide pou goumen kont chomaj ak delenkans jivenil.

Comments are closed.