Sèvis sante piblik inoperan nan Nòdwès:Me kèk detay nan sa ki gen pou wè ak malè pandje ki genyen sou popilasyon nòdwezyèn lan, daprè Doktè Berly Geneus

437
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Selon dènye resansman ki fèt nan ane 2015, depatman Nòdwès gen anviwon 728 mil moun k ap viv ladan l. Nou an 2025, nou sèten ke chif sa ogmante seryezman jiskas ke li tounen grat syèl. Ki kantite medsen espesyalis, anestezis ki dwe genyen pou yon popilasyon avèk kantite moun sa a?

OMS ki se ògàn regilatè jesyon sante nan mond lan, pa bay yon kota espesifik sou pwen sa, men gen yon òganizasyon ameriken (The lancet comission on global surgery), ki di ke dwe genyen ant 4 a 5 anestezis pou chak 100 mil moun, e dwe genyen omwen 20 chirijyen pou chak 100 mil moun. Lè nou di chirijyen nou pale de : jinekològ, òtopedis, irològ, chiriji jeneral, ajoute lòt espesyalite tankou pedyatri, medsin entèn e latriye.

Kantite pwofesyonèl sante aktyèlman nan depatman nòdwès pa menm touche sèy minimòm règ entènasyonal yo, n ap konprann ki nivo malè ki pandje sou tèt popilasyon an chak jou. Si nou baze sou done ak rapò The Lancet Commission on Global Surgery a, n ap wè ke pou yon popilasyon 728 000 moun, nòdwès ta dwe genyen:

Anestezis : 4–5 pou chak 100 000 moun (Nòdwès ta dwe genyen ant 30 a 36 anestezis)
Chirijyen : 20 pou chak 100 000 moun (Nòdwès ta dwe genyen minimòm 145 chirijyen)
Malerezman men reyalite depatman Nòdwès : 1 anestezis e 1 òtopedis

Pafwa 2–3 lòt espesyalis ki pa disponib de fason konstan a koz yo pa ase pou desèvi tout moun sa yo.
Me ki konsekans pwotestasyon ou fèmen tout strikti medikal yo nan Nòdwès kapab genyen sou popilasyon an:
A) Moun mouri pou entèvansyon ki senp (sesaryèn, frakti, kriz, asm, e latriye)
B) Referans fòse ale okap, pòtoprens avèk tout risk sa genyen.
Kòm rekonpans, leta vini yo leve grenn anestezis ak grenn òtopedis aktif ki genyen an. Sa se yon pwojè lanmò!

Share:

Leave a reply