Popilasyon Boden denonse zak abitrè Ajan Egzekitif Enterimè Komin Pòdepè a, Josué Alusma ki kraze plizyè kay malere sou pretèks pou fè wout

447

04/26/2021

Boden______( TRiboLAND) Abitan kap viv nan Boden,1e seksyon kominal podpè, depatman Nòdwès, denonse, jounen dimanch 25 avril 2021 an, prezidan Ajan Egzekitif Enterimè Komin Pòdepè a, msye Josué Alusma yo
di ki akonpanye lapolis mache kraze plizyè kay malere ak malerèz yo nan kanton an sou preteks pou konstwi wout.

Viktim sa yo ki te vrèman ankòlè kont ansyen majistra vil saa, deklare se nan lari yo ap dòmi ak tout pitit yo paske yo pa gen kòb nan men yo pou y al lwe yon lòt kay.

Nan moman n ap pale la,gen timoun piti, fanm asent melanje ak tigranmoun, ki pa gen ni rele, ni reponn e ki gen kay yo kraze nan premyè seksyon kominal podpè, lokalite Boden e ki lage 2 bra balanse, akoz lameri Pòdpè pa dedomaje yo petèt ak kòb sa a yo ta va rive lwe yon chanm kay pou yo rete ak fanmi yo.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.