Nòdwès ap fè fas ak yon kesyon ratman gaz

323

01/01/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Depi plis pase twà semèn, depatman Nòdwès la, notamman vil Pòdpè, ap fè fas kare ak kesyon kriz gaz. Sitiyasyon sa a, lakoz gwo tèt chaje nan mitan sektè transpò a mete gwo chire pit ant pasajè ak chofè yo ki fikse pri transpò jan yo vle e jan yo pito.

Nan moman n ap pale la, pa gen gaz nan okenn ponp, daprè kèk chofè ki kritike responsab ponp yo ki pran yon malen plezi ap vann machann atè yo gaz la pou fè mache nwa ak krim finansyè. Konsa sitiyasyon sa, lakòz yon galon gazolin ki t’ap vann nan ponp yo 200 goud gentan pase a 1000 goud nan men machann atè yo.

Chofè yo ki pa gen lòt chwa se ogmante pri transpò a. Pòdpè–Basenble 300 goud e Pòdpè–Janrabèl 500 a 600 goud. Si se nan vil Pòdpè yon moun ta renmen sikile sitou nan okazyon fèt fen dane a menm, l’ap bezwen 1O0 a 15O goud.

Devan kriz gaz la ki se yon pwodui transvèsal moun pa kapab viv san li, pwopriyetè biznis yo atravè depatman Nòdwès ki bezwen gaz la pou alimante biznis yo, kritike otorite yo nan Leta yo di ki kite yo pase semèn fèt Nwèl la ak 31 desanm nan blackout.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.