Komisyon Episkopal Jitis e Pè nan Dyosèz Pòdepè reyalize 24èm Asanble Jeneral yo nan Nòdwès

937

03 – 03 – 2024

Pòdepè, Ayiti___(TRiboLAND) Komisyon Episkopal Jitis e Pè (JILAP) reyalize 24èm Asanble Jeneral komisyon an nan depatman Nòdwès la, samdi 02 mas 2024 la. Yon asanble ki gen kòm tèm : “Jitis ekolojik nan kay nou abite ansanm nan.” Dirijan JILAP sou 15 pawas nan dyosèz la te reponn prezan pou eksprime santiman yo.

Refleksyon yo te dewoule sou solidarite ak motivasyon nan mitan popilasyon an, pou yo pran konsyans sou sitiyasyon aktyèl kominote entènasyonal la ak akolit li yo kreye nan peyi a nan dènye tan sa yo. Aprè lekti rapò pawas yo, yo jije nesesè pou prezante yon konferans sou tout depatman an.

Komisyon Episkopal Jistis e Pè mande otorite yo entèvni prese prese pou soulaje soufrans pèp la kap soufri vyolasyon somatik anba men lapolis, bandi gaye nan tout depatman an, fouye moun, vyole tifi ak granmoun, kidnape moun, kanbriyolaj kay ak brakaj sou popilasyon an.



Comments are closed.