Vòlè nan komin Senlwidinò kanbriyole biznis, “JoJo Miltipsèvis”.

875

01 – 23 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___TRiboLAND) Bandi sanfwa ni lwa, vandalize biznis ki rele Jojo miltipsèvis nan sware 22 pou leve 23 janvye 2024 la, malgre gwo lapli ak van kap sakaje komin nan. Eskanmòtè yo pa pran konje nan vandalize plizyè biznis nan komin nan.


Selon Odalbert Joseph, pwopriyetè biznis “JoJo Miltipsèvis”, kasèt kay, leche moun nan lari, asasinen timachann chak maten, vòlè telefòn, vòlè bannann, kabrit ak kochon pou kwit nan baz bandi sangwen kap fimen dwòg, se tout sa yo ki fè aktyalite nan dènye tan sa yo nan komin Senlwidinò.

Malgre jefò polis minisipal yo ap fè, pou kwape bandi nan komin nan, sa pa anpeche malfwa yo toujou ap teworize popilasyon an.

Comments are closed.