Sou demand popilasyon an, Lameri ak lapolis lanse yon operasyon ranmase moto ki pa gen monflè yo nan komin Senlwidinò.

06 – 13 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Plis pase 25 moto jwenn kontravansyon jounen jedi 13 jen 2024 la, akoz moto k’ap sikile san monflè nan komin nan, kreye yon katafal bwi nan tout rakwen komin Senlwidinò.

Lameri ak Lapolis nan Senlwidinò arive pran yon parèy inisyativ touswit apwè yon bon valè sitwayen fòmile yon dividal konplent kont motosiklèt san monflè yo nan lari komin nan. Otorite yo sezi tout moto ki pa gen monflè; konsa, tout annafè oblije ale rekipere yo nan rekipere yo komisarya Senlwidinò a.
Popilasyon an felisite otorite yo ki pran desizyon sa a pou restore lapè piblik nan komin nan. Konsa, popilasyon an nan Senlwidinò pa sispann chante yon sèl slogan : “ nap rale yon souf ak vagabon abiye kap simen latwoublay nan mitan popilasyon nòlwizyèn nan”.