Antèman ansyen depite sikonskripsyon Abriko- Bonbon an, Gefrard Étienne chante jounen madi 14 Avril 2026 lan.

145
0
Share:
TRiboLAND

04- 15- 2026

Abriko, Ayiti_____(TRiboLAND). Se avèk dlo nan je, dezolasyon ak would atè, fanmiy ak zanmi ansyen depite sikonskripsyon Abriko- Bonbon an, Gefrard Étienne chante antèman li nan lakou lakay li, nan zòn nan Plèn, lokalite komin Abriko.
Plizyè santènn patizan, senpatizan, pwòch, fanmi depite asasinen an, Gefrard Étienne, te reponn prezan pou rann li yon dènye omaj ak orevwa.

Nap raple ansyen depite sikonskripsyon Abriko- Bonbon an, te jwenn lanmò li nan moman 2 gwoup rara tap twoke kònn yo, li te entèvni pou mete ola. Se konsa, yon jèn gason ki rele Jean Louis Benèl, alyas Yeye ta pral ponyade li ak yon kout kouto dèyè kou deye kou; mesye Etienne te mouri sou plas.

Ke nanm ansyen depite Geffrad Etienne repoze nan lapè e ke bonnanj li kontinye vizite pwezime kriminèl asasen an, ki jounen jodia anba men lapolis nan Jeremi.

Share:

Leave a reply