Jwenn yon etablisman eskolè ki louvri pot, pou resevwa timoun lekòl prive kou piblik nan Jeremi sa pa ekziste

891

01 – 23 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Depi prèske 3 semèn, posibilite pou jwenn yon etablisman eskolè ki louvri pòt li e fonksyone kòm sa dwa, sa pa ekziste, sitou nan vil Jeremi.

Depreferans, li pi fasil pou bòdèl, espas kote jenn fann ak jenn gason ap pwan plezi lachè fonksyone san okenn enkyetid, fonksyone lib elibè, olye atoufè san fwa ni lwa kite timoun yo pwan chimen lekol, ak bay opòtinite pou tout lot aktivite yo mache jan sad we ye.

Sitwayen e sitwayènn ki entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konnen chak samedi ak dimanch bann madigra ap pyafe nan vil Jeremi, san pèsonn pa nwi yo. Men rive lendi maten, pou timoun pwan chimen lekòl, mesye dam yo mete vil lan sou mòd derapaj, e rann lavi difisil pou kategori sila yo.

Fas ak kòpòtmen anti demokratik sa yo, paran, elèv, direkte lekòl piblik kou prive, mande mesye dam yo pwan konsyans pandan yap respekte dwa lòt yo.

Comments are closed.