Yon gwo dife pete lakay M. Andal nan komin Senlwidinò

282
0
Share:
TRiboLAND

11/01/2025

Senlwidinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo dife eklate bonè maten samdi pwemye novanm 2025 lan, lakay M. Andal, nan komin Senlwidinò. Daprè temwanyaj plizyè moun nan zòn nan, dife a te pran nan anviwon 8è, e li bwile kay la nèt san anyen pa rete. Sepandan granmesi, tout moun ki t ap viv anndan rezidans lan te gen tan sòti anvan flanm yo te anvayi espas la.

Kèk sous nan kominote a ta fè konnen te gen plizyè doum gaz ki ta estoke anndan kay la, sa ki ta kapab eksplike vitès ak fòs dife a. Sitwayen yo di se yon konsekans dirèk pwatik anpil moun k ap vann gaz nan kondisyon ki pa respekte okenn règ sekirite.

Plizyè abitan Senlwidinò eksprime tristès yo pou malè sa, epi yo lanse yon S.O.S. bay otorite lokal ak depatmantal yo, pou yo pran mezi sevè kont tout moun k ap estoke oswa vann gaz san kontwòl ni mezi pwoteksyon.

Pou kounya, otorite yo poko bay okenn detay ofisyèl sou koz egzak dife a, ni sou kantite pèt materyèl total, men selon temwanyaj yo, dega yo se men nan machwè.

Share:

Leave a reply