Apwè plizyè sòlòkòtò popilè BSAP anndan peyia, Ariel depoze dirèktè ANAP la, Jeantel Joseph

963

01 – 24 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Apwè yon arete ke li fè sòti swit ak yon konsèy ministriyèl yè lendi a, swadizan PM Ariel Henry deside depoze Direktè Jeneral ANAP la, Jeantel Joseph.

Konsa, yon parèy arete tèt chat depoze tou dousman alatèt ANAP la, e mete nan plas li yon komisyon teknik ki pral genyen misyon pou remanye ANAP. Selon jounal ofisyèl “Le Moniteur”, arete Ariel la chwazi moun tankou: Frantz Daniel Pierre pou kòdonatè, Prénor Coudo, enspektè jeneral Jean Lyonel Trécil, lyetnan Verby B. Jean, manm FADH ak Jean Neslie Élie, ekip ki fòme komisyon sila.

An repons ak yon parèy revokasyon, ajan BSAP yo nan plizyè kwen anndan peyia, mete yo an pozisyon 2, pou nenpòt ki evantyèl mo dòd bò kote Jeantel Joseph ki, koulya an eta disponiblite.

Li enpòtan pou sinyale, arete tèt chat Ariel Henry ki bay siyn yon gouvènman ki an detrès fas ak yon seri tibilans van politik ki anonse yon mouvman revolisyon atravè peyia pou delivwe Ayiti anba yon sistèm malpwòpte ak konplisite ki efondre sosyete ayisyèn nan, nan tout nivo.

Revokasyon Jeantel Joseph la fè swit ak patisipasyon li nan yon gwo kòkenchenn manifestasyon popilè kont Ariel Henry nan komin Ench, ki te sou kontwòl BSAP.

Comments are closed.