Yon lòt fwa ankò Moise J.C. ap dekòde pou sove J. Moise nan mitan gwo dlo

247

02/13/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Tankou li te toujou anonse li, Moise Jean Charles vle yon lòt fwa ankò fini ak mouvman opozisyon an anndan peyi a. Leader Pitit Desalin pa sispan afiche jwèt woule’m debò ak laloz pou chèche yon fason pou dezapwove chwa mesye dàm opozisyon. Nan entèvansyon li fè nan lapwès, Moise Jean Charles dezapwouve dezinyasyon jij Joseph Mécène Jean Louis kòm prezidan tranzisyon an aprè ekspirasyon manda ansyen prezidan Jovenel Moise, 7 fevriye 2021 an.

Pou anpil moun, leader Pitit Desalin pa soti pou li divòse ak vye pwatik dekòde kòd delivwans peyi Dayiti nan kanpe ankwà nan yon pakèt demach mouvman opozisyon an toujou pran. Pou anpil moun k’ap swiv pozisyon leader a, “Moise J.C. toujou fè sa ke li kapab pou sove J. Moise,”dapwè kèk analis ki denonse yon parèy atitud senkyèm kolòn ki toujou mete nan tèt li se inik pwofèt ki kapab fè Izraèl antre latè pwomiz.

Kèk moun kwè, kèlke swa sa ki te fèt la, Moise Jean Charles tap toujou eseye blame opozisyon nan rale yon zèl kàr pretèks yon fason pou pozisyone’l politikman pi byen.

Se pa yon fwa, de fwa, twà fwa Moise Jean Charles afiche kalite devyason sa yo ki ta sanble klè kon klewòz kòm yon enstriman manupilatif ki pou sove Moise parèy li nan dlo. Leader PPD a ki toujou genyen yon kòd l’ap dekòde, pa reyèlman toujou manifeste yon volonte djanm pou antre nan demach opozisyon an, sinon ke kontante’l fè tèt li pase kòm “leader pwofetik” ki kapab fè plis resèt sou echikye politik la, pandan l’ap kontinye fè travay depaman pou ratresi tout demach ki vize mete do Jovenel Moise atè.

Ankò yon lòt fwa ankò, Moise Jean Charles antre nan yon lòt demach divèsyon ki vize kase pye opozisyon an e etèn souf tout fòm mouvman pwotestasyon kont ansyen prezidan Jovenel Moise ki ta sanble toujou jwen supò Moise Jean Charles chak fwa opozisyon an pran yon seri demach.

Si reyèlman Moise Jean Charles vle pote tèt li kòm inik leader sou teren kote ke lòt leader kapab swiv e tande, li dwe erije li nan yon dimansyon sajès ki pou ratibwaze tout fòm egosantrik e ki kapab fè prèv de yon kapasite rasanblè nan mitan yon opozisyon ke li menm ankò pran yon malen plezi ap aflebi opwofi Jovenel Moise. Se pa tout sa ou vle ki dwe fèt, sinon lemonn tap genyen twòp diktatè.

E ki pwoblèm ki genyen nan sa si opozisyon an te fè chwa yon kandida pami 3 kandida ke Moise Jean Charles te deja lache bay lapwès? Yon parèy konpòtman egosantrik ap toujou denonse aki pwen politisyen peyi Dayiti yo bezwen artikile pi byen “leadership kolektif.”

Comments are closed.