Ariel Henry ap chofe jarèt pou pwan direksyon pwimati nan yon kontèks kriz sou kriz

669

07/19/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Ariel Henry ap chove jarèt pou al pran alatèt Pwimati a, apwè 2 semèn asasinay Jovenel Moise anndan lakay li nan Pèleren 5, 7 jwiyè 2021 an. Konsa, tout rale kòd ki te genyen ant Doktè Ariel Henry, pwemye minis nome defakto ak Doktè Claude Joseph, pwemye minis a.i. defakto

Doktè Ariel Henry te jwenn benediksyon pwezidan defen an pou li te ranplase pwemye minis enterim an, Doktè Claude Joseph ki te genyen ba direksyon pwimati a. Henry te genyen pou li te ofisyèlman plase mèkredi ki ta pwàl 7 jwiyè alòske fòs fè nwà melanje ak mèsenè yo te gentan gen plan pou asasine chèf deta Jovenel Moise nan menm 7 jwiyè a.

Supò afavè Doktè Ariel Henry ta sanble satisfezan pami kèk lidè ak gwoupman politik; sepandan, Core groupe (ki reyini anbasadè peyi Almayn, Bwezil, Espayn, Kanada, Lafwans, Etazini, Inyon Ewopeyèn, ak repwezantan Òganizasyon Eta Ameriken ansanm ak repwezantan sekretè jeneral Nasyon Tèt Kole yo) ankouraje pwemye minis nome a pou mete sou pye yon gouvènman lajman laj ki chita sou konsansus. Plizyè lidè politik ayisyen mande pou “Core Groupe foure bouch nan bagay ki regade’l; solisyon kriz la ke Core Groupe responsab egalman, dwe fèt inikman avèk ayisyen e pou ayisyen”, dapwè kèk lidè politik ki tap opini sou kriz peyi Papa Desalin nan.

Kontak yo pa sispann miltipliye nan kàd mete sou pye yon nouvo gouvènman; pwemye minis defakto sòtan deja genyenplizyè seyans travay ak pwemye minis nome a. Konsa, yon reyinyon konsèy minis sou pye apwemidi lendi a yon fason pou kapab fasilite pasasyon mayèt la; yon desizyon ki pwàl fasilite pwezantasyon yon nouvo gouvènman pou aleje sitiyasyon katastwofik nasyon ayisyen an ki an agoni. Nap raple, nouvo gouvènman Ariel Henry a pwàl genyen pou : estabilize peyi a e jete baz pou eleksyon lib ak onèt nan peyi a.

Nouvo gouvènman an ap genyen pou fòme demen madi jedi 20 jwiyè 2021 an e ap genyen nan tèt li Doktè Ariel Henry ke Jovenel Moise te nome, dapwè yon pwòch pwimati.

Comments are closed.