Jwenn ti gout dlo nan vil Jeremi, se plis ke yon moute yon ma swife!

1,023

02-23-2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Depi plizyè mwa majorite moun kap viv nan vil Jeremi, ap monte yon kalvè pou jwenn ti gout dlo an jeneral pou viv.

Selon sa responsab DINEPA fè konen nan mikro TRiboLAND sous Kleman ki tabli kòl nan 8èm seksyon Bòd, pa pwodwi menm kantite lit dlo ke li te konn bay ala segonn ankò.

Se vre dezòd anviwonnmantal ak anachi nan fason moun yo konstwi nan move kondisyon, men tou genyen otorite nan. Meri Jeremi ki nan danse kole ak Travo Piblik ki resevwa lanjan pou bay ou likide materyèl leta a pou detwi pwòp leta a ankò.

Fas ak gravite pwoblèm dlo a nan Jeremi, popilasyon viktim lan, mande entèvansyon otorite yo nan pi wo nivo.

Comments are closed.