Senlwidinò: Popilasyon 3èm seksyon Dègranj lan ap kontinye fè bwas ak konbit tronson wout tè a.

1,038

10-27-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon 3èm seksyon Dègranj, nan lokalite Glasi Kouwo ap kontinye ak travay nan kad kreye yon tronson nan okazyon visit Monsènyè ak retou Pè Kire a nan pawas la ki te abandone depi 6 lane.

Moun soti nan diferan pawas ak chapèl vwazen pou pote kole bay popilasyon 3èm nan. Yon seri travay kita dwe dire 3 mwa, popilasyon an diside travay chak jou pou yo rakousi peryòd egzekisyon travay yo.

Nap sinyale yon parèy travay, jwenn konkou komite djaspora yo ak kouraj popilasyon eklezyastik la kap travay ak bout zong, pikwa e pèl.

Popilasyon reskape 3è ak 6èm seksyon nan komin Senlwidinò. Selon yo menm, lokalite sa yo bezwen yon plan dijans ki kapab pèmèt yo reprann ti demele ekonomik yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.