Lajistis vle plis detay nan men PM Ariel Henry ki te gen kontak telefonik ak Félix Badio Joseph, pwezume asasen Jovenel Moise la

2,179

09/10/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Komisè gouvènman Pòtopwens la, Mèt Bed-Ford Claude konfime jodi vandredi 10 septanm 2021 an ke pwemye minis Ariel Henry te genyen kominikasyon telefonik ak Félix Badio Joseph, pwezume otè asasinay ansyen pwezidan repiblik Dayiti a, Jovenel Moise.

Mèt la pwesize ke se nan menm jou asasinay la (7 jiyè 2021, ant 4è 03 e 4è 20 dimaten konvèsasyon an te pran chè). Konsa, nan yon korespondans ke li adrese bay Ariel Henry, komisè Claude envite PM Henry pou li pwezante nan pakè a madi 14 septanm 2021, swa apati 10:00 è nan maten pou bay moso lumyè sou yon seri kout fil sispèk ki genyen pou wè ak konvèsasyon ke li te genyen avèk Badio ki te nan zòn Pèleren 5 nan moman krim nan.

Comments are closed.