Pòdpè: Yon bèl letan ki te konn atire bèl flanman ròz disparèt apwè plis pase trant lane

0 324

(TRiboLAND)__Alokazyon joune mondyal anvironman, nou pwan swen pou nou atire atansyon tout konpatriyòt Ayisyen nou yo ke se jou nap konte pou peyi-a trepase. Franchman, li fè tris pou nou di ke se rat kay kap manje pay kay. Natirèlman, lap trè difisil pou yon moun ki egois kapab arive konprann entèdepandans oubyen ko-abitasyon ki se yon seri zèl kat ki esansyèl nan viv ansanm.

Sans patriyotik ede nou manifeste respè youn pou lòt. Li ede nou tou konprann ke fè pipi nan lari ou byen jete ak boule fatra se zafè moun tèt pa dwat ki ta sanble yo trè limite sou yon seri lwa ak dwa natirèl ki reji fonksyònnman yon anvironman. Nou viv plizyè ka nan Nodwès e menm atravè peyi-a yon seri de konpòtman iresponsab ki trè anbarasant tankou, jete nenpòt fatra nan yon espas piblik; moun ki swadizan edike ap koupe pyebwa pou jwenn ase espas pou fè kay; absans yon elit entèlèktyèl ki pa sousye de pwoteksyon oubyen ijyènn alimantè; aktivite debwazman kap irite environman-an nan yon pwen ki trè souvan anjandre siklònn; konstrisyon anachi sitou nan anvayi zònn riske yo. Pa egzanp, nan kèk peyi ki gen yon politik vèr, li fòmèlman yon egzijans pou yon etidyan antre nan kolèj oubyen inivèsite san soumèt yon pwojè pye bwa avan pou yo asèpte-l.

Sitwayen ki pa reve viv nan pwòpte oubyen jwi yon bon sante, pap janm sispans aji tankou òlalwa iresponsab, eleman danjere, e yon ajan destriktè kap pwopaje salete avèk polusyon nan eko-sistèm nan. Zannimo fè yon sèl avèk kretyen vivan pandan ke mouch lan gen aksè a matyè fekal ki pwal pita ppwopaje mikwòb ki kapab disparèt tout yon popilasyon.

Malgre anpil peyi ap eseye san rete sansibilize otou de yon politik vèt; ebyen lakay se konplètman diferan. Se sa ki ka detwi-a nou pi renmen pwomote. Gen peyi ki ale a lekstrèm; sa vle di, menm yon chyen pa kapab fè bezwen-l nan lari pou mèt li pa ranmase-l. Antouka, gade byen, foto ki sou paj-la date plis ke trant lane. Se yon letan ki te egziste nan Karennaj toupwe nan Grigris, Pòdpè. Oh, lè sa se te yon trè bèl anvironman! Yon seri bèt volay (zwazo, kana, flanman e anpil lòt..te konn attire de bote, fwechè, ak pouvwa ekolojik letan sa. Bèt tankou Flanman te konn soti jis nan Florida chak sezon ete pou vinn jwi bonjan klima twopikal. Elas! Jodi-a, gade ki sa espas sa tounen: konstriksyon anachik ki pat dwe jamè fèt nan yon zònn ke leta entèdi. Wi, se avèk dlo nan je, tout bagay sa yo disparèt akoz malveyans sitwayen malfòme kap bati nenpòt kòman ak nenpòt kote. San pans eke dlo pa janm bliye wout li. Sa se yon danje kap dòmi.

Pou fini, koupe pye bwa, konstwi nan zònn ki riske, jete plastic nan lari, boule ou simen fatra ak pwodwi toxik kap anpwazone environman-an, se fouye pwòp twou pou sèkèy ou ak sèkèy lòt moun ki nan antouraj-ou. Sitwayen, fè efò pou kontribwe nan pwomosyon yon bèl anvironman.

Leave A Reply