Yon bandi jwenn lanmò li nan volè ekipman elektwonik nan yon rezidans nan komin Senlwidinò

1,033

01 – 16 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan polis minisipal yo nan komin Senlwidinò mete fen nan karyè vòlè yon pwezime bandi kasèt kay jodi madi 16 janvye 2024 la.

Eskanmòtè a ki pote non Wilvens, se yon natif Zile Latòti, Opalmis, yon solda gang “Kokorat san Ras” ki abitye poze gwo zak eskanmòtè e pote ale anpil afè moun nan yon plan ki sou teren, ou Parc Nelson Petit-Frère, ki gen kòm pwopwiyetè Tireji, selon egzijans chèf gang Doni Michel ki genyen baz li nan basyon gang Tibwadòm ki chanpyon nan kidnapping sitwayen Nòdwès ak Latibonit yo.

Antouka, bandi Latòti a, arive jwenn ak bouchon li jounen jodia nan komin Senlwidinò. Ajan minisipal yo mete fen nan karyè kriminèl li ak plizyè pwojektil. Li mouri nan yon basen san ak tout materyèl elektwonik li te dechèpiye nan yon rezidans, dapwè repòtè TRiboLAND nan komin Senlwidinò.



Comments are closed.