Grandans: Yon jèn manman ki soti nan Komin Abriko akouche yon triplèt

1,455

02-06-2023

Abriko, Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Fadia Mirtil ki se yon jèn manman mwens ke 30 lane, kap viv nan komin Abriko, ki te deja genyen 2 pitit ak mari li Kilson Julot, akouche yon triplet.

Nan yon bat bouch li te genyen avèk TRiboLAND, Kilson Julot de klare ke li genyen anpil pakou nan menm li. Selon revelasyon yo, li esplike ke li te deja gen 3 lòt pitit ak yon lòt manman; sa vin pèmèt li genyen 8 timoun pou lap okipe, alòske li pa konnen aki kriye aki ale!

Selon Julot, fanmiy lan pap travay e pap leve ni lou, ni lejè. Nan sans sa, lap mande enstans konsène yo, bon pwochen ki gen bònn volonte, nasyonal ou entènasyonal, chèche yon mwayen pou yo ta lonje lamen (lèt leyèt, manje ak kote pou rete) ba li, sitou pou twa ti chovi yo ki apènn rive sou tè a, nan depatman Grandans lan.

Kilson ak Fadia kap pran lanm e ki poko menm wè kòman pou yo naje pou sòti, remèsye ekip TRiboLAND lan ki bay tèt li misyon pou ede nan fason ke yo kapab. Pou say o ki ta vle fè yon ti jès ak fanmiy lan kap pran gro sakad ekonomik, yo kapab rele nan nimewo sa yo: 39132359 ; 44937131.

Comments are closed.