Chanjman politik nan administrasyon piblik nan Jeremi.

895

01- 15 – 2024


Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè reynyon konsèy minis yo, gouvenman Ariel Henry an, fè soti nan jounal ofisyèl peyi Ayiti, Le Moniteur, nominasyon Michel Paulemont kòm Delege depatmantal, ak Carl Antoine sekretè jeneral delegasyon Grandans lan.

Michel Paulemont ak Carl Antoine, ranplase nan pòs sa yo, Louissaint Cezar ki te okipe 2 pòs sila yo, depi aprè lanmò ansyen Prezidan Jovenel Moise.

Arete ministeryél sa a, tou bay nesans ak yon komisyon kominal enterimè, konpoze Sylmatha Pierre, Ivrose Pierre, Joël Jean Baptiste, ki pwal ranplase, Claude Hary Milor ak Fontaine Pierre Thamas; yon seri chanjman tèt chat ki pa desann fe vag pwotestasyon popilasyon an ki pa sispann miltipliye nan vil Jeremi depi plizyè jou.

Comments are closed.