Direksyon depatman agrikilti Grandans lanse yo kanpay vaksinasyon kont maladi chabon.

1,135

04-15-2023

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Swit ak epidemi maladi chabon nan mwa pase yo, ki te touye divès bèf, kabwit, mouton, chwal, e bourik peyizan yo nan diferan komin depatman Grandans lan,
Direktè depatman agrikilti Grandans lan, agronòm Vladimir Jean ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konen genyen 170.000 dòz vaksen kont maladi chabon ki disponib.

Vaksen sa yo ki totalman dezinye pou kanpay la, ap gratis ti cheri. Aktivite yo ap demare apati lendi 17 avwil kap vini an atravè diferan komin depatman an tankou: Wozo, Jeremi, Mafran, e patikilyèman Mowon, zòn kote maladi chabon an te touye plizyè moun ak zannimo.

Direktè Vladimir Jean, te pwofite okazyon pou fè konen 70% lajan kanpay vaksinasyon kont maladi chabon an sòti bò kote òganizasyon mondyal lasante ki bay li e rès tchotcho a sòti nan trezò piblik la. Peyizan elvè yo pa dwe manje vyann zannimo ki mouri ak maladi chabon an, ni yo pa dwe touye bèt ki pwan vaksen pa avan yon mwa finn pase.

Comments are closed.