Nimero 1 Pwogram Alimantè Mondyal lan, madam Cindy McCain vizite kèk lekòl ke PAM sibvansyone pou yon pla cho.

1,072

06-19-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Direktris ekzekitif (PAM) lan madam Cindy McCain ki te akonpanye diferan pèsonèl administratif pwogram alimantè mondyal la, vizite lekòl Pè Foukè ak kolèj Elim nan vil Jeremi ki genyen selon direktè pedagojik lan, pwofesè Enock Durin apeprè anviwon 700 elèv benefisyè pwogram kantinn eskolè a.

Selon kritè ki definí nan kad pwogram sila a, fòk se pwodwi ki sòti nan jaden peyizan yo nan Grandans, tankou yanm, bannan legim, patat dous elatriye ki dwe itilize nan kwizinn lekòl ki fè pati pwogram lan.

Madam Cindy McCain ki genyen yon nasyonalite amerikèn, e ki genyen mwens ke 4 mwa kòm direktris ekzekitif PAM, pwomèt pou travay ak tout lòt patnè nan systèm Nasyon Zini yo, pou ede konbat grangou, ede sipotè pwodiksyon agrikòl nan Grandans; konsa, sa ap fasilite moun kap travay latè, jwenn mwayen lajan pou yo viv ak fanmi yo, e fè konpwann sipòtè pwogram kantinn eskolè a, ap pèmèt aprantisaj ateri pi byen nan lekòl yo.

Comments are closed.