Polis Jidisyè ki te genbe anba men li ansyen senatè Guy Philippe, pwosede ak liberasyon li

957

12 – 02 – 2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ansyen senatè Grandans lan, ou chèf rebèl ki te kapote gouvènman Aristide la nan lane 2004, Guy Philippe jwen liberasyon li jodi samdi 2 desanm 2023 a nan Pòtopwens.

Osito ke Guy Philippe te antre ou sòti pije sis lane santans li nan pwizon peyi Etazini, pitit depatman Grandans lan ta pral tonbe anba men Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), ki te pwosede ak  arestasyon li nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture.

Antouka, apwè 48 èdtan obsèvasyon, senatè Guy Philippe jwen liberasyon li, maten jodi samdi 2 desanm 2023 a, selon plizyè sous medyatik. Anplis, politisyen an lib pou li mennen aktivite li san grate tèt.     

Comments are closed.