Pou byen sèvi kominote Grandanslèz lan, PDG klinik PPADA a Dr Dan Doulòs Dumond ranfòse kapasite sèvis sanitè yo.

409
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti____(TriboLAND) Pou bay kominote Grandelèz la pi bon sèvis kominotè nan zafè lasante, direktè popwiyetè PPADA klinik sante, Dr Dan Doulòs Dumont, inogire yon sal radyografi modèn ak yon sèvis odontoloji , ak resous imèn kalifye pou bay swen biko dantè e anpeche pasyan ale nan lòt depatman jeografik peyi a pou jwenn moso sèvis ke ka yo nesesite.

Direktè popwiyetè PPADA a, ki entèvni nan okazyon inogirasyon sèvis yo, ekplike nan ki sikonstans li menm ak fanmi li deside fè envesisman sila; se apati absans tout yon seri moun ki genyen anpil enpòtans pou sosyete a, ki souvan pèdi lavi yo, akòz absans tout yon ansanm enfwastrikti sanitè ak medsen kalifye diferan disiplinn. Pou direkté jeneral PPADA a, se yon seri problèm ki deja rezoud jounen jodia.

Share:

Leave a reply