Jakmèl : Lapolis lanse yon kanpay sansibilizasyon kont tout fòm vyolans

08/03/2026
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Direksyon depatmantal Polis Sidès la, lanse, yon gwo kanpay sansibilizasyon nan vil Jakmèl pou konbat vyolans sou fanm, gason ak timoun.
Kanpay sa a òganize sou enstriksyon Direktè Depatmantal Lapolis la, Komisè Divizyonè Appolos Villette. Li te reyalize atravè Biwo Lit kont Vyolans ki Baze sou Sèks (VBG), ki anba responsablite Enspektè Divizyonè Marie Yolaine Charles, ansanm ak Biwo Pwoteksyon Minè yo (BPM), ki dirije sou lobedyans Enspektè Divizyonè Dieucibon Jeudi.
Nan kad aktivite a, ajan yo rankontre plizyè kategori sitwayen, tankou ti machann, chofè transpò an komen ak motosiklis, pou sansibilize yo sou enpòtans respè dwa chak moun, nesesite pou evite tout fòm vyolans, epi ankouraje yo denonse nenpòt zak vyolans yo ta konstate.
Ekip la te fè vizit tou nan Pakè Jakmèl, Tribinal Lapè a ak biwo DGI a, kote yo te ranfòse mesaj prevansyon yo epi ankouraje pi bon kolaborasyon ant enstitisyon yo nan batay kont vyolans.
Dapre responsab yo, objektif kanpay la se devlope yon kilti prevansyon, pwoteje moun ki pi vilnerab yo epi ankouraje patisipasyon popilasyon an nan denonse zak vyolans, sou kèlkeswa fòm yo pran.
Popilasyon Jakmèl la byen akeyi yon parèy inisyativ. Anpil sitwayen eksprime satisfaksyon yo epi mande pou aktivite sansibilizasyon sa yo kontinye, paske yo kwè yo kapab kontribye nan bati yon sosyete ki pi an sekirite, ki respekte dwa tout moun, san diskriminasyon.






