Limen barikad anflame ak gwo pil kawoutchou anba grenn je lapolis nan Jeremi pa yon sipriz

939

01 – 15 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Nan jou sila yo mete barikad anflame anba 2 grenn je pòs polis nan Jeremi se san kontrent ak laperèz.

Mouvman kap boujonnen pou demaske e demaske ou deboulonnen pouvwa sangwen Ariel Henry a nan figi moun, arive fèt chak jou ki jou ak barikad anflame ke pwotestatè yo reyalize devan boul je lapolis ki lage 2 bwa kwaze.

Anpil moun estime ke se yon konpòtman manfouben iresponsab bò kote lapolis ki konplètman kanpe 2 bwa kwaze pandan peryòd manif san kanpe yo.

Mouvman pou retire gouvènman lòbèy ak kòriptè ou vwayou Ariel Henry bay anpil moun sipriz. Sepandan, manm nan sosyete a nan Jeremi, mande fòs lòd yo po upran responsablite yo fas ak yon parèy dezòd ki kapab koze anpil domaj nan sosyete a.

Comments are closed.